Votre panier est vide  Votre compte

Eske yon kretyen ka mete pèmanant nan cheve l?

Refleksyon sou pèmanant

 

Tout moun konnen pèmanant se yon pwodui chimik ki fè cheve grenn tounen siwo. Li fè cheve a vin dwat. Eske se pou tèt sa sè nou yo vle mete pèmanant nan cheve yo ?

Nou  konnen pèmanant la fè cheve grenn vin tankou cheve fanm blanch. Eske sè nou yo vle sanble ak fanm blanch oubyen sanble ak Sara ?

Nou konnen Bondye te kreye yon gason ak yon fanm. Kóman cheve fanm sa a te ye? Li te grenn oubyen li te siwo? Kiyès ki bay cheve siwo? Kiyès ki bay cheve grenn? Kiyès ki di cheve grenn pa bon? Kiyès ki fè po nwa? Kiyès ki fè po blanch? Kiyès ki di po nwa pa bon? Kiyès ki fè Etyopyen an nwa, ki fè Alman an blan? Devan Bondye po nwa ak po blan se senkant kób ak degouden.Yo gen menm valè.

 

Poukisa sè nou yo bezwen mete pèmanant nan cheve yo ?

Men kèk repons yo konn bay:

  • paske cheve m twó rèd .

  • paske mwen bezwen penyen tèt mwen pi byen. 

  • paske pèmanant la fè cheve m pi soup .

  • paske cheve m twó kout.

  • pou ka fè mari m plezi.

 

Ki rasin prejije sou cheve ak sou po moun?

Tout moun ki fè gwo etid  sou ras imèn, tout sosyológ, etnológ ak antwopológ konnen  poukisa anpil moun meprize moun nwa, tèt grenn, nen plat, bouch pwès. Zafè sa a kómanse depi  lè lèzom kwè gen ras enferyè ak ras siperyè.  Premye moun ki tap simaye lide sa yo se blan yo te ye.  Nou konprann poukisa se ras blanch ki siperyè.  Blan yo pa t ap janm di koulè pa yo a pa bon.  Pandan anpil ane, Ewopeyen yo t ap fè gwo popagann pou fè tout moun kwè ras nwa pa bon, cheve grenn pa bon.  Depi cheve w pa siwo, nen w pa pwenti, po w pa blanch, ou pa gen valè.

Sak pi rèd la anpil Prèt katolik te kwè moun ki nwa pa gen nanm, ki donk yo pa kretyen vivan, se blan yo ki kretyen vivan, se yo sèl ki gen nanm.  Eske pawól sa yo se verite ?  Eske Bondye dakó ak moun ki rasis, ak moun ki meprize moun nwa ak moun ki gent tèt grenn ?  Eske sè nou yo pa vin rasis san yo pa konnen?  Poukisa sè nou yo pa chanje koulè po yo tou?

Se vre pandan anpil ane Bondye te konsidere Jwif yo siperyè ak moun lót nasyon yo. Yo te rele nasyon sa yo moun sal, ras ensikonsi.  Men jodi a, avèk Jezikri, pa gen Jwif, pa gen Grek, pa gen moun lót nasyon.    Devan Bondye, tèt grenn ak tèt siwo gen menm valè.  Bondye fè bèt nwa , bèt blanch, bèt gri, flè blanch, flè woz, flè mov. C’est ce qu’on appelle “diversité dans la création”.  Bèt yo ak  flè yo aksepte koulè Bondye ba yo, men lèzóm vle korije Bondye. 

Cheve grenn pa bon, se cheve siwo ki bon, fók mwen mete pèmanant pou cheve m ka siwo  tankou cheve blan yo.  Bagay sa se you opinyon, se yon konsepsyon.  Li pa chita sou anyen ki espirityèl ak syantifik.  Se you piblisite ki fè kèk gwo konpayi fè  anpil lajan nan pwodui ki chanje koulè po ak nati cheve. 

 

Eske nou dwe kite tren monn lan pote n ale ? 

Non! 77 fwa non!  Sosyete mondèn nan pa dwe you modèl pou nou. Se nou ki dwe modèl pou yo.  Nou pa dwe kopye sou yo.  Si nou ta di nou : «you kretyen pa dwe fè okenn nan bagay you payen fè, fók nou ta kite monn sa a »  Men konesans, entelijans ak disèneman Bondye ba nou ap fè nou konnen kilè nou ka fè menm bagay ak moun ki pa kwè yo.  You bon kretyen dwe toujou poze tèt li kesyon sa a: Eske sa m ap fè la a  Bondye dakó ak mwen ?  Moun k ap di toutan : sa a pa anyen, se pa yon peche, li pa gen atitid, langaj ak mantalite yon bon kretyen.

Kisa yon bon kretyen ye ?  Yon bon kretyen se yon moun ki apa, ki diferan ni nan langaj li, ni nan atitid li, ni nan konpotman li, ni nan rad lap mete sou li.  Gen anpil moun ki konn di : « se pa sou rad Bondye ap gade se nan kè, mete you rad sou ou pa ka fè ou peche, se pa anyen ».  Vrè kretyen an pap repete pawól sa yo.   Li enpotan pou nou li toutan pasaj sa yo : 1 Timote 2 :9, 1 Pyè 3 :1-3,  Efezyen 2 :1-10, Romen 12 :1-3, Colosyen 3 :1-12, Tit 3 : 1-8,  2 Timote 2 :2, 1 Jan 2 :15-17, Galat 5 :24-25.  Se sou tout pasaj sa yo mwen chita pou m kont tout moun k ap ankouraje sè yo mete pèmanant nan cheve yo. 

Gen moun ki di pa gen vèsè ki kont pèmanant nan cheve ?  Eske gen vèsè ki kont moun chanje koulè yo ?  Eske gen vèsè ki kont moun fimen sigarèt ?  Eske gen vèsè ki kont moun pran dwóg?  M ta renmen tout moun ki pou pèmanant nan cheve reponn kesyon sa yo tou. 

Kite m di tout moun ki pa konprann ki sans sosyologik mete pèmanant nan cheve a genyen :  Ou  se yon moun ki akiltire, alyene, ou jete kilti pa w, koulè pa w, ou pran you lót, ou kwè gen yon ras ki siperyè ak yon lót, gen koulè ki pi bon pase yon lót, gen cheve ki pi bon pase lót.  Ou se yon rasis« par ignorance ».   Pou mwen menn met pèmanant  nan cheve ak chanje koulè po, se senkant kób ak degouden, se menm bagay.  Se yon bagay kont nati.  Li natirèl paske cheve w nwa, li natirèl paske cheve w grenn, li natirèl paske nen w plat, li natirèl paske po bouch ou pwès.  Nou bon konsa, nou bèl konsa, Bondye remen nou konsa.  Se pa nou ki te deside pou po nou nwa, pou tèt nou grenn.  Se travay Bondye, se konsekans lanati.  Gen nwa, gen blan, gen jón, gen wouj, yo tout rele ras imèn.  Pa gen twa ras ankó.  Jodia savan yo afime genyen yon sèl ras : la race humaine.  Nou menm sevitè Bondye yo, nou pa dwe suiv yon bann vye lide rasis ki kont labib e ki kont lasyans.

 

Verite  istorik

Kite m di nou yon verite istorik.  Se kolonizasyon ak esklavaj ki fè nou konnen cheve grenn pa bon, koulè nwa pa bon, nen plat pa bon, bouch pwès  pa bon, nèg enferyè ak blan.  Blan an di cheve grenn ak po nwa pa bon, nou kwè se vre. Ata kèk kretyen kwè nan bagay sa a.  Se yon wont!  Padone yo Seyè. Yo se yon bann gaga.  Se mete blan je vèt mete sa nan mantal premye esklav nwa yo, yo menn, yo mete sa nan tèt pitit yo ak pitit pitit yo.  Toutan n ap tande pawól sa yo nan sosyete nou an, nan lafanmi ak nan lekól : Ou nwè tankou bous tabak, tankou chabon dife, ou ble, nèg la nwè, tèt li grenn tankou kaka kabrit, li gen move teren.  Lè nan fanmi ayisyen yo genyen yon ti grimo osinon yon ti grimèl, kè tout moun kontan, yo chouchoute l, yo karesel paske l gen cheve siwo, po l preske tankou  blan.  Souvan yo rele yo ti blan osinon grimèl. 

 

Konsey

An nou renmen tèt nou jan Bondye fè nou an :

  • Si ou se grimèl, renmen koulè w

  • Si ou se you blan renmen koulè w

  • Si ou se you nwa renmen koulè w

  • Si tèt ou siwo renmen cheve w

  • Si tèt ou grenn renmen cheve w

Psikológ yo toujou di se pou endividi a renmen tèt li anpil pou l pa gen konplèks enferyorite.  Se pou l cheche konnen tèt li tou : « Connais-toi toi-même »

Mwen ta renmen sè nou yo mande Bondye disèneman pou yo kab konprann pasaj sa yo : 1 Pie 1 :4, 1 Timote 2 :9-10, Ezayi 3 :16-24, Jeremi 13 :23, Kantik 1 :5-6.

Frère  Izenord

Léogâne, Février 2006

 

Aucune note. Soyez le premier à attribuer une note !

Commentaires (2)

Priscille Desrosiers
  • 1. Priscille Desrosiers | 23/05/2015
Amen. Bondye kreye tout moun san fot. Tout creation Bondye unique e belle. Jan Bondye kreye nou se konsan nou doue rete. Le nou chanje fonm cheve nou obien lot bagay nan ko nou wap fe Senye an triste paske ou pa remenm jan li creye ou. Nou pa doue kite moun pwan tet nou le yo di cheve siwo selman ki pi belle. Paske tout cheve belle nan fom pa yo.
Ke la grace Bondye avek nou.

Priscille Desrosiers
Aruba
lescaejec
  • lescaejec | 23/05/2015
BonDye beniw! mwen kontan li komantè ou fè sou pèmanant nan cheve. kenbe konsa. Bondia!

Ajouter un commentaire

 

Date de dernière mise à jour : 05/07/2021