Créer un site internet
 Votre panier est vide  Votre compte

Jezi ou Yehoshua (créole)

Eske  Jezi se yon fo non? Eske se Yehoshua ki vrè non an?

Anpil moun  ak kèk Jwif te konn rele Jezi Yehoshua. Pou yo vrè nom Jezi se Yehoshua. genyen ki di Jezi se yon fo non ou yon fabrike.  men gen lot moun ki kwè ou ka itilize 2 non sa yo: pa gen diferans. Selman tout moun pa aksepte konpromi sa a. sak pirèd, gen lot ki di non Jezi a gen rasin payen, li soti nan non fo dye Zeus nan mitoloji grek. Diskisyon saa la lontan, li pa nouvo, men li vin pi popilè ak Entènèt. Yo ekri anpil atik jounal sou asijè saa. Kidonk, ki vrè non Seyè nou an? Ki valè sa genyen pou nou-menm ki disip li konnen vrè non li? pi bon fason pou ka jwenn repons ak kesyon saa yo ak rezoud pwoblèm lan se baze aniz nou sou Bib la. Se sa nou pral fè nan kèk mo.

Pou nou ka konprann sijè sa a, nou dwe konprann istwa lang, kòman li devlope nan lespas, selon epòk ak sityasyon sosyal. Yon lang gen : sintaks (plas chak mo), gramè (règ pou pale ak ekri lang lan), leksikografi (kòman mo yo ekri), fonetik (son, kòman mo yo prononse), elatriye. Leksikografi ak fonetik  yon lang ka chanje ou varye selon epòk. An nou pran kèk egzanp 

Nan lang fransè :

-         Votre te ekri Vostre(16e s.)

-         Oignon  tounen  Ognon (jodi a, men ou ka toujou ekri oignon)

Nan lang kreyòl :

-         Mwen te ekri konsa  Mouin (lontan)

Nan langAnglè yon etranje pwononse difisilmanTH (sof mèt lang nan ki ka pwononse l trè byen).

Nan lang kreyòl Robert tounen Wobè,  Bernard tounen  Bèna.

Kidonk, ti egzanp sa yo montrew ke mo yo chanje fòm ak pwononsyasyon  daprè epòk ak sosyete. Yo rele fenomèn lengwistik sa a en fransè « variation lexicographique et phonétique (chanjman ekriti ak son nan lang) ».

An nou rantre nan manman koze a. Avan nou pran non JEZI ou Yehoshua, an pale sou  4 lèt (Tetragram) ki reprezante non BonDye.

Daprè istwa sou lang Ebre  ak abitid pèp Jwif la, li te entèdi pou yon moun te prononse non ki reprezante non BonDye. Yo te pito  chache lot ekspresyon ki siyifi Kreyatè a, tankou :  Elohim,  ha-Elohim (vrè Dye, pake mo Elohim vle di fo dye tou),  Adonaï (bon jij), nan lang Arab se Il?h, ki pral chanje pita an allah.

 

 

Men 4 lèt ki se non BonDye :YHWH ou YHVH (????)

 Lè wap li lang Ebre ak Arab, ou dwe kòmanse a dwat pou fini a goch. Se 4 lèt lye ou tetagram :

1-                    = Y;

2-                     = H

3-                    ?= V

4-                     = H

Pou ki sa Jwif yo te pè pwononse non BonDye?

Jwif te pè pwononse non sa a paske yo pat vle pran non BonDye anven (Exode 10, 3e komandman). Sof granprèt ki te kapab pwononse non sa a, men fòk li nan tanp la. Paske Jwif yo te pè pinisyon BonDye. Se sa ki fè ke listwa pa konsève vrè pwononsyasyon an. Lesikografikman ak fonetikman, gen lengwist ki ekri ak prononse non sa a konsa :  JEHOVAH ou Jehova (y tounen j, yo ajoute son e, o, a), selon kèk  lot espesyalis, se  Yahweh, Yahvé, Iahvé. Nou wè koman menm mo ap varye, ap chanje fom ak prononsyasyon.

 

Nan lod alfabetik, men koman Jwif yo te konn rele BonDye :

Ehyeh Acher Ehyeh

 El

 Elohim (et Eloha)

Elyon

 Maqom

Shaddaï

 Shalom

Shekhinah

 Yah

An nou pran kounye a nom « Jésus ou Yehoshua ». Ki sous ou orijin mo sa a? Eske se yon fo non?

Majorite mo fransè gen rasin yo (ou etimoloji) swa nan lang grèk ou laten. Se konsa  mo fransè «Jésus» soti nan grèk «?????? I?sous »ak nan laten «Jesus ». Mo grèk «I?sous» soti nan mo ebre Yehowshuwa ou Yehoshua (?????????? ou  ????????). Lè nou dekonpoze mo sa a, nou remake li genyen 4 lèt ebre ki fòme non BonDye «YHWH ou YHVH (????)». Sa a se yon prèv ke Jézi se sèl BonDye veritab (1 Jan 5 v17-18).

 Nou sonje nou te di nou pèp Jwif la te kon rele BonDye Yah ou Yahweh. Kidonk Yah se yon diminitif de Yahweh « an kreyòl nom jwèt- surnom (français) ». Tout moun ki gen lespri disèneman ka konpran ke 4 lèt sa yo YHWH (ou YHVH, v = w nan lang Ebre, men pa gen w nan ebre), se radikal ou matris mo ebre Yehowshuwa ou Yehoshua, ke pèp yo ak lengwis yo ap vin prononse kom «?????? I?sous nan lang grèk», tankou Jesus nan laten, Jésus nan fransè, Jezi nan lang kreyòl. Nan chak lang, pwonsyasyon non sa a pral varye. Lap gen yon lòt son (fonetik), lap gen yon lòt ekriti (grafoloji). Nou sonje ke 2 eleman sa yo chanje souvan nan istwa lang selon epòk, peyi al sityasyon sosyal.

Sa a se yon verite enkontestab, menm si yon moun pwononse yon non ki soti nan yon lòt lang nan lang matènèl li ou ekri li yon lòt jan, sak ki enpotan se konpran  ki pèsonaj ou objè la pale. Ann itilize yon gwo tèm yo rele nan lang fransè « Référent ». Ki pèsonaj mo saa reprezante, ki sa li vle di (signifiant). Yon mo, se yon siy grafik ke liye, ki gen yon sans, yon siyifikasyon (la sémantique) selon konteks istorik, sosyal, politik ou ekonomik.

Ann pran yon ti egzanp, mo déchoucage (Kreyol; dechoukaj) gen yon lot sans pou pèp Ayisyen depi 1986: rache manyok ou voye yon gouvèman ale « Renverser un gouvernement ».

Ki  sans ou siyifikasyon nom Jésus ou Jezi (Yehoshua) a selon Bib la?

Profèt Ezayi te deja di koman Mesi ap rele (Ezay 7 v14, 8 v8), se te Emanyèl. Nom sa a soti nan lang ebre (??????????? - imanou El), sa vle di  « BonDye avèk nou ». Zanj la te di Mari ak Jozèf yap rele pitit la Jezi «Yehoshua» (Mat.1v23- Lik.1v31). Pou ki sa manman Jezi pat rele li Emanyèl ? Gen moun ki ka di Mari pat obeyi BonDye, paske li pat  rele pitit la Emanyèl. Pa gen diferans : nom Emanyèl la ak nom Jezi a gen menm referan ou li asosye ak yon menm pèsonaj ki se Kris, Sovè nou an. Yehoshua (nan lang ebre) vle di « Sovè » (Mat.1v21), Emanyèl vle di « BonDye avèk nou» (Mat.1v23). Ou kapab di tou «Sovè a avèk nou», paske BonDye sèl Sovè (Ezay 43 :1-28) ou Jezi se sèl Sovè. Selon sans (semantik), yo rele sa parafraz[1]. Youn ou plizyè fraz ki vle di menm bagay ak yon lòt. Mo Jésus a gen menm sans ak mo Josué (nan ansyen testaman) : Exode 17 : 9,  Josué (Yehowshuwa')[2].

 

Konklizyon

Mo Jésus ak Yehoshua se menmman pareyman, se sekant kob ak degouden. Batèm nan nom Jézi ou Yehoshua se menm bagay. Eske gen yon kote nan Bib la Sovè nou an te itlize nom Jesus ou Yehoshua pou l te prezante l? Men wi, se sou nom « Jesus de Nazaret ou Yehoshua» li te prezante l ak Paul ou Saul de Tarse (Ak 9) sou wout Damas la. Eske Jésus pa gen yon lot nom? Wi li gen yon lot nom, pyès moun pako konnen nom saa (Apo.3 v12). Sel moun ki genyen pou resevwa lot nom Jésus kap konnen nouvo nom saa ( Apo.2 v16-17)

Pou fini, men sa nap di nou, mo Jesus a se pa yon  tradiksyon ke lye, ni nom fo dye «  zeus », men se prononsyasyon ak ekriti nan lang fransè. Se yon chanjman son (variation phonétique) nan lot lang. Depi lontan, pat gen abitid tradwi nom pwop. Geoge Moore[3] apye presip saa. Men ou ka bay sans li nan yon lot lang. Toutfwa, gen yon otè ki konteste règ saa[4]. Se yon prensip ki la lontan : yo pa tradwi nom propre. Tande frè ak sè nou yo, ou byen batize : Ke ou batize nan nom : Jezi (kreyol), Jésus (fransè), Jesus (anglè), Jesus (espanyol), Jesus (laten), I?sous (grèk), Yeshoua, Y?š?? ou Yehoshuah[5], etc.

 

Document consulté et Bibliographie

En hébreu, le nom de Dieu s’écrit ????. Ces quatre lettres, qui se lisent de droite à gauche, sont souvent appelées le Tétragramme. Beaucoup de noms de personnages et de lieux figurant dans la Bible contiennent une forme abrégée du nom divin. Se pourrait-il que ces noms propres offrent quelques indices sur la façon dont se prononçait le nom de Dieu ?

Oui, selon George Buchanan, professeur honoraire au Wesley Theological Seminary de Washington (États-Unis). Il explique ceci : “ Jadis, il était fréquent que les parents donnent à leurs enfants des noms forgés à partir de celui de leurs divinités. Cela signifie qu’ils prononçaient le nom de leurs enfants de la même façon que celui de leur dieu. Le Tétragramme était utilisé dans les noms des gens, et ils employaient toujours la voyelle du milieu. ”

Voici quelques exemples de noms propres rencontrés dans la Bible qui contiennent une forme courte du nom de Dieu. Yonathân, qui dans l’hébreu est orthographié soit Yônathan soit Yehônathan, signifie “ Yaho ou Yahowah a donné ”, selon le professeur Buchanan. Le nom du prophète Éliya est ?Éliyah ou ?Éliyahou en hébreu. Pour le professeur Buchanan, il signifie : “ Mon Dieu est Yahou ou Yahou-wah. ” De même, le nom hébreu auquel correspond Yehoshaphat est Yehô-shaphat, qui signifie “ Yaho a jugé ”.

Une prononciation bisyllabique du Tétragramme telle que “ Yahvé ” ne permet pas le son vocalique o dans le nom de Dieu. Pourtant, dans les dizaines de noms bibliques qui contiennent le nom divin, cette voyelle centrale apparaît tant dans les formes premières que dans les formes raccourcies, comme dans Yehonathân et Yonathân.
C’est pourquoi le professeur Buchanan dit au sujet du nom divin : “ En aucun cas la voyelle ou ou ô n’est omise. Le mot était parfois abrégé en ‘ Ya ’, mais jamais en ‘ Ya-vé ’. [...] Quand le Tétragramme était prononcé en une seule syllabe, c’était ‘ Yah ’ ou ‘ Yo ’. Quand il était prononcé en trois syllabes, ce devait être ‘ Yahowah ’ ou ‘ Yahouwah ’. Si tant est qu’il ait jamais été abrégé en deux syllabes, ce devait être ‘ Yaho ’. ” Biblical Archaeology Review.

Ces remarques nous aident à comprendre la déclaration faite au XIXe siècle par l’hébraïsant Wilhelm Gesenius[6] dans son dictionnaire d’hébreu (Hebräisches und chaldäisches Handwörterbuch über das Alte Testament) : “ Ceux qui considèrent que ???? [Yehowah] était la vraie prononciation [du nom de Dieu] ne sont pas tout à fait sans fondement pour défendre leur opinion. Dans ces conditions, les syllabes abrégées ??? [Yeho] et ?? [Yo], par lesquelles commencent beaucoup de noms propres, peuvent s’expliquer de façon bien plus satisfaisante. ”

 

 

 

 

 

Biographie

http://www.significationprenom.com/prenom/prenom-YEHOSHUA.html

http://www.lettre-chretienne.org/ ( patizan ki kwè se Yehoshua pou di)

(http://www.bible-ouverte.ch/faq/faq-theme/qr-dieu-jesus-le-saint-esprit/2081-reponse-55.htm)

Polguère, Alain. Lexicologie et sémantique lexicale, ed. Presse de l’Université de Montréal, Québec, 1959

Wilhelm, Gesenius. Dictionnaire d’hébreu (Hebräisches und chaldäisches Handwörterbuch über das Alte Testament)

 



1 Polguère, Alain. Lexicologie et sémantique lexicale, ed. Presse de l’Université de Montréal, Québec, 1959, p.120

 

[2] Dans le Nouveau Testament, les originaux grecs utilisent Iesous, (plus de 1'100 fois !) qui est une traduction grecque du mot Yehowshuwa‘ (prononcé yeh-ho-shoo’-ah) ou Yehowshu‘a (yeh-ho-shoo’-ah). C'est le même mot que Josué. (http://www.bible-ouverte.ch/faq/faq-theme/qr-dieu-jesus-le-saint-esprit/2081-reponse-55.htm)

 

1-       [3] Tous les noms propres, quelque imprononçables qu’ils soient, doivent être rigidement respectés » (Moore, cité par Connes, 1959:138, In Ballard, 2001:11) Cette affirmation a fait preuve d’une résistance accrue à travers le temps. Elle est même transmise dans des ouvrages d’apprentissage des langues et des manuels de traduction. On la trouve encore, sous la forme d’un avertissement, dans la présentation du concours externe du CAPES-CAFEP 2009

 

 

2-       [5] Yeshoua (????, avec les voyelles ???????? - y?š??‘ en hébreu) est une contraction de la forme ?????????? (« Yehoshuah » - Josué)1. La forme courte de ce nom est privilégiée par rapport à la forme longue dans la littérature juive de la période du Second Temple, dont les plus récents livres de la Bible hébraïque sont un exemple. Le nom correspond à la forme grecque Iêsous, de laquelle vient le français Jésus2,3

 

 

[6] Heinrich Friedrich Wilhelm Gesenius, né à Nordhausen le 3 février 1786 et mort à Halle (Saxe-Anhalt) le 23 octobre 1842, était un philologue etorientaliste allemand. Il a inauguré la méthode comparatiste dans l'analyse du chaldéen, de l'hébreu et de l'araméen en s'écartant des présupposés religieux qui prévalaient jusqu'alors dans l'étude des langues sémitiques. On lui doit, entre autres, une Grammaire hébraïque et une traduction commentée du Livre d'Isaïe. C'est à la suite de ses travaux que le Tétragramme fut transcrit par le mot « Yahweh » dans le monde chrétien. Son lexique hébreu-allemand a servi de base au dictionnaire Brown-Driver-Briggs. En tant qu'exégète, Gesenius a exercé une influence durable sur lathéologie biblique.

Vous êtes le 434091ème visiteur

1 vote. Moyenne 5.00 sur 5.

Commentaires (20)

David
  • 1. David | 17/04/2018
koman ou ka esplike fraz sa a ki nan bib la : ''Il n'y a de salut en aucun autre; car il n'y a sous le ciel aucun autre nom qui ait été donné parmi les hommes, par lequel nous devions être sauvés.'' Ac 4 : 12
Non sa a ki non li ye?
lescaejec
  • lescaejec | 05/05/2018
Ke Bon Dye ekere w nan non Jezi! Ou poze yon bel kesyon. Si mwen ta reponn ou koukout, non kap sove tout moun ki kwè se Jezi (nan lang kreyol), Jésus (nan lang fransè), Jesus (nan lang anglè), Jesus (espanyol), Jesus (laten), Yeshoua (ebre), etc. Chak pèp rele Sovè a nan lang manman yo. Yo prononse nom Yeshoua nan lang pa yo. Se pa tradwi yo tradwi non Mèt nou an, men se prononse yo pronon yon lot jan selon lang moun an.
David
  • 2. David | 17/04/2018
Si Jezi ak Yeshoua se menm poukisa ou nou mete a kote moun ki batize nan non Yeshoua yo?
lescaejec
  • lescaejec | 05/05/2018
Gen yon ti group moun ki pa kwè ke se menm bagay. Pou yo si ou pa prononse non Sovè nou an nan lang ebre batèm lan pa bon. Men si yon moun kwè kelke swa nan lang li rele BonDye, BonDye tande l, kelkeswa nan lang li prononse non Sovè nou an ,batèm lan bon, batèm lan bon. Ke ou di Yeshoua (ebre) ou Jezi (kreyol) bat`m lan bon. Nou pa mete sou kote moun ki batize non Jezi ou Yeshoua. Non! Nou mete sou kote moun ki fè pase bagay saa pou yon komandman: fok ou batize nan nonJezi nan lang ebre (Yeshoua) pou sove. Faux! Fausse doctrine! Attention!
Larrybaw
http://mlgroup.cloud/index.php?option=com_k2&view=itemlist&task=user&id=549008 смотреть фильм бесплатно с хорошей озвучкой смотреть документальные фильмы http://tatt2rons.com/index.php?option=com_k2&view=itemlist&task=user&id=2705
AlysonJko
http://beyblade-games.net/index.php?task=profile&id=698692
huluxxxbh
すべての http://huluxxx.com/ 投稿者
huluxxxbh
すべての http://huluxxx.com/ 投稿者
Larrybaw
http://xn--80aaoucbgkp.xn--p1ai/index.php?option=com_k2&view=itemlist&task=user&id=747403 скачать torrent смотреть сериал боги египта в hd качестве http://www.szyese188.com/space-uid-12461.html
joeyxxxez
すべての http://joeyxxx.com/ 投稿者
Larrybaw
http://www.gospelfaithradio.com/component/k2/itemlist/user/760150 кино смотреть онлайн бесплатно ru дата релиза полный фильм http://www.unidc.com/index.php?option=com_k2&view=itemlist&task=user&id=100685
bretxxxyw
すべての http://bretxxx.com/ 投稿者
Natalieborgo
  • 11. Natalieborgo (site web) | 24/09/2017
This message is posted here using XRumer + XEvil 3.0
XEvil 3.0 is a revolutionary application that can bypass almost any anti-botnet protection.
Captcha Recognition Google, Facebook, Yandex, VKontakte, Captcha Com and over 8.4 million other types!
You read this - it means it works! ;)
Details on the official website of XEvil.Net, there is a free demo version.
PearlTyday
  • 12. PearlTyday (site web) | 09/08/2017
Day ago i read some amazing info about Omega 3 stuff and now i really wanna buy it. But i'm not really sure which pluses will i have. I've got this omega 3 info , and now i wanna purchase it with good price. Any idea?
PearlTyday
  • 13. PearlTyday (site web) | 09/08/2017
Yesterday i got some cool info about Omega 3 stuff and now i very wanna buy it. But i'm not 100% sure which pluses will i have. I've got this omega 3 info , and currently i want to get it with lowest price. Any idea?
PearlTyday
  • 14. PearlTyday (site web) | 07/08/2017
Yesterday i read some cool info about Omega 3 stuff and now i really wanna get it. But i'm not absolutely sure which benefits will i have. I've got this omega 3 info , and currently i want to purchase it with best price. Any idea?
PearlTyday
  • 15. PearlTyday (site web) | 06/08/2017
Yesterday i got some cool info about Omega 3 stuff and now i very wanna buy it. But i'm not really sure which pluses will i have. I've found this omega 3 info , and now i wanna purchase it with best price. Any idea?
PearlTyday
  • 16. PearlTyday (site web) | 03/08/2017
Yesterday i read some interesting info about Omega 3 foods and now i really wanna get it. But i'm not 100% sure which pluses will i have. I've found this omega 3 info , and currently i want to purchase it with lowest price. Any idea?
SUJohnanix
  • 17. SUJohnanix (site web) | 02/08/2017
самые эффективные таблетки для похудения http://диетоника.товар-топ.рф
PearlTyday
  • 18. PearlTyday (site web) | 02/08/2017
Yesterday i read some cool info about Omega 3 stuff and now i very wanna get it. But i'm not really sure which pluses will i have. I've got this omega 3 info , and now i want to purchase it with lowest price. Any idea?

Ajouter un commentaire

 

Date de dernière mise à jour : 12/06/2017

×