Votre panier est vide  Votre compte

Ki vrè non Jezi?

  • Par
  • Le 08/04/2015
  • Commentaires (0)
Photoeder
Eder Jéroboham

  
Nou ta renmen poze tout moun kesyon sa : Eske Pawol BONDYE egzije pou n di NON MESI a, sa vle di NON KRIS la nan lang ebre? Gen moun ki di,  vrè  NON KRIS la se YESHUA, nou pa  dwe di JEZI ;  An nou analize pwoblem sa!


Kisa nou konnen sou sinifikasyon NON JESUS a ? Li vle di : BonDye sove, BonDye delivre, e BonDye se Sali m. Le Salut vient de DIEU et DIEU est mon Salut!...
JESUS est une forme latine du grec : Iesous  (Ο Ιησούς ), qui correspond a l'Hebreux  (ישוע) YESHUA
YESHUA sinifi tou : BonDye sove, BonDye delivre e BonDye se Sali mwen! 


NON JESUS a pwononse YESHUA an ebre, men kijan li ekri an ebre: ישוע
Ebyen  si se selman YESHUA pou yon moun di se pou l toujou ekri l an ebre tou e tout lot TIT KRIS genyen yo!
Nan Bib la yo konn pwononse ou ekri NON JEZI nan diferant lang Jean 19v19-22 « Jésus de Nazareth, roi des Juifs » nan pasaj sa a enskripsyon ki te sou kwa a pou endike ke JEZI se WA jwif yo te ekri nan twa (3) lang diferan,(en hébreu, en grec et en latin) konsa chak moun te ka li e pwononse l nan lang ke yo ka li a.


Nan lang ebre a li ekri konsa: ישוע מנצרת, מלך היהודים
Li pwononse konsa:YESHUA hanazarei vemelekh hayehudim.


Nan lang grek la li ekri konsa :Ο Ιησούς από τη Ναζαρέτ, ο βασιλιάς των Εβραίων
Li pwononse konsa : O IESOUS apo ti nazaret,o vasilias ton loudaion.


Nan lang laten an li ekri konsa : Iesus Nazarenus rex Iudaeorum
ki vle di : JEZI de nazaret , WA Jwif yo!

sa fè nou konprann ke depi lè MET la te sou latè moun te konn rele l e ekri NON li nan diferant lang, se pa selman nan lang ebre a yo te kon rele l.
e pa bliye ke NON MET la te enskri sou kwa nan twa (3) lang diferan.

 
Kounye a an nou poze kesyon sa : Ki pasaj nan Bib la ki di se an ebre selman nou dwe site,oubyen  pwononse NON MET?


Si se an ebre selman poun di JEZI paske pwononsiyasyon YESHUA a se ebre eben nou pa ka di BONDYE, MET, SENYE, KRIS, REDANMTE, SOVE, ETENEL , KREYATE nan lot anko se ta an ebre poun ta di tout tit sa yo tou. Konsa  diferans ki genyen lè yon moun di YESHUA ak youn ki di JEZI  se selman diferant lang men tout di menm bagay.
E se an ebre tou poun ta site Non Apot yo konsa mezanmi ann pa chache mete twoub ak konfizyon nan tet moun yo, tout moun dwe sevi BONDYE nan lang ke yo ka pale, ekri e  konprann!


Nan Ak 2 : 7-11 BONDYE DAMOU  nou an fe tout Jwif ki soti nan lot peyi e ki pale lot lang tande Levanjil la avek NON SENYE a nan lang matènel yo, konsa sa montre nou ke BONDYE aksepte ke nou tande , aprann e pratike Pawol la nan lan ke nou pale e MET la aksepte ke nou adrese avel nan nenpot lang paske LI konprann tout lang daye se BONDYE ki fe nou pale diferant lang.Genese 11v 3-7
An nou pran yon ti egzanp: anglè yo di John, espayol di Juan e franse di Jean donk ekri e pwononse diferamman men sinifi menm bagay. Ki moun kip a konprann sa? Selman si moun sa fek vini sou latè.


JEZI tap priye Li di ABBA ki se yon mo arameyen ki vle di Père, oh Mon Père , Cher Papa.

NB: Ce mot ABBA s'agissait plus d'un terme affectueux que d'un titre et il exprimerait un peu de l'intimité! sa vle di si arameyen an di ABBA, anglè a di Father e franse a di Père, e ayisyen an di Papa eske se pa menn bagay la?

 

Si ebre a relel YESHUA, grek la rele Li O IESOUS ayisyen an rele l JEZI, franse a di JESUS eben BONDYE pa gen pwoblem avek sa.

Poukisa se nou menn ki gen pwoblem ak sa? Mwen ka konpran genyen yon lot bagay nap regle. BonDye konnen nou pap kabab twonpe l. Li we panse nou, kè nou , entansyon nou, eksetera….

 

«Si yon moun santi konsyans li kondane l pou sa li fè, li santi li lwen SENYE a e li vle chanje se pa yon fo pwoblem konsa pou l mete devan pou l ka rebatize poul konpran BonDye ap pran nan fent de Kò sa. Atansyon nou pa ka pase BonDye nan betiz. Se priye pou nou priye, jene e  rekonet fo nou yo tankou David te fe l Pou BonDye padone peche nou.

Sa ta vle di tout moun sou latè ki ap pale de Sovè a depi yo pa di l nan lang ebre a yo pase sou kote. Yo pa bezwen mete nan tet yo yap sove, si yo ta batize nan non JEZI li pa bon. Mezanmi se fo pwoblem sa ye, moun sa yo nan manti tou senpleman yo genyen yon lot bagay yap regle, pa suiv yo nan egareman yo.

BonDye konnen a kimoun poul revele pawol li. Nou pa bezwen pale sou sa!!!» (Commentaires de Frère Aly)

 

Si lè yon moun tap batize se nan NON JEZI li te batize eben li te byen batize paske se konsa NON SOVE a pwononse an kreyol, e lè nou di JEZI nou konn a kiyes nap adrese nou se ak MESI a, SOVE a ,REDANMTE a , SENYE a, KRIS, ETENEL, KREYATE a ki te vini an e ki te mouri pou nou an, ki  resisite sou 3 jou an, monte nan syel la ke nou ap adrese nou. ! Pa okipe moun ki sou blof!!!!!!

 AMEN
                                                                                                           Merci!                                                     

 

                                                                                                    Fre Eder Jéroboham 

Aucune note. Soyez le premier à attribuer une note !

Ajouter un commentaire